Règleman ranbousman
Dènye mizajou: 23 novanm 2026
An rezime
- Kou: ou ka mande ranbousman nan 7 jou apre ou achte l, si ou poko fè plis pase 20% kou a.
- Liv (PDF): pa gen ranbousman apre ou fin telechaje oswa louvri liv la.
- Si yo debite w de fwa, oswa si ou peye men ou pa resevwa pwodwi a, n ap ranbouse w.
- Pou mande yon ranbousman, ekri nou nan james@kapademy.com.
Règleman sa a eksplike kilè ou ka jwenn lajan w tounen lè ou achte yon kou oswa yon liv sou Kapademy. Kapademy se yon sèvis Xplicit Services LLC.
1. Kou yo
Ou ka mande yon ranbousman konplè pou yon kou si de kondisyon sa yo kòrèk:
- Ou mande l nan 7 jou apre dat ou te achte kou a.
- Ou poko fè plis pase 20% leson ak egzèsis kou a.
Si youn nan de kondisyon sa yo pa kòrèk, nou pa ka ranbouse kou a, sof nan ka ki nan seksyon 3 a.
2. Liv yo
Liv Kapademy yo se fichye PDF. Depi ou fin telechaje yon liv, oswa louvri l pou li l sou sit la, ou gen tout liv la nan men w, kidonk nou pa ka ranbouse l.
Si ou poko telechaje ni louvri liv la, epi ou chanje lide, ekri nou: n ap egzamine demann ou an.
3. Ka kote n ap toujou ranbouse w
- Yo debite w de fwa pou menm pwodwi a.
- Ou peye, men kou a oswa liv la pa janm parèt nan kont ou, epi nou pa ka ranje sa.
- Fichye a gen yon pwoblèm ki anpeche w sèvi avè l, epi nou pa ka ba w yon bon fichye.
4. Kijan pou mande yon ranbousman
Ekri nou nan james@kapademy.com oswa sèvi ak paj kontak la. Mete enfòmasyon sa yo:
- Non ou ak imèl ou sèvi pou achte a.
- Non kou a oswa liv la, ak dat ou te achte l.
- Fason ou te peye (kat, MonCash oswa NatCash), ak nimewo tranzaksyon an si ou genyen l.
- Rezon ki fè w mande ranbousman an.
5. Kijan ou resevwa lajan an
| Si ou te peye ak | Nou ranbouse w |
|---|---|
| Kat kredi oswa debi | Sou menm kat la, atravè Stripe. Bank ou ka pran plizyè jou ouvrab pou montre lajan an sou kont ou. |
| MonCash oswa NatCash | Sou menm nimewo telefòn ki te voye lajan an, nan 1 a 2 jou ouvrab apre nou aksepte demann lan. |
Si ou te sèvi ak yon kòd rabè, nou ranbouse w kantite lajan ou te peye a, pa pri nòmal la.
Lè nou ranbouse yon kou oswa yon liv, ou pèdi aksè a li nan kont ou.
6. Abi
Nou ka refize yon ranbousman si nou wè yon moun ap achte epi mande ranbousman plizyè fwa pou l ka jwenn kontni an gratis.
7. Kesyon
Si ou gen yon kesyon sou règleman sa a, ekri nou nan james@kapademy.com.